Bookmanlit

Home

Editorials/Letters

Pastè Tousen Kreyòl

Pastè Gregory Toussaint

2016 US Elections

2015 Haiti Elections

Extend TPS 2017

Facebook Conversation

Reviews

Myths in Haitian History

Nanchon Ginen

Lakou Lasyans

Tab Alfabetizasyon Kreyòl

Lanmou pou Lasyans

Kouraj Man Fanm

Lakou Grandye

Fèt Manman

Wonders of Haiti

Art

Mountain Fortresses

Waters

Mizik

Lwa

Eritaj

Cuisine

Divine Dance

History

Travel

Aquin

Rebati Pestel

Challenges Facing Haiti

Manje/Food

Dlo Pwop/Sanitation

Kouran/Electricity

Sante/Healthcare

Sekirite/Security

Edikasyon/Education

Lojman/Housing

Wout/Roads

Lajan/Money

Invest in Haiti

Green Haiti

Haitian Organic Market

Earthquake Memorial

Haiti Will Survive

Will Haiti Change

FAQs/ About Us

Gift/Bookstore

Contact Us

 
     
     
Orijin Fèt Manman
 
Klike sou foto a pou li tèks la ann Anglè

Fèt Manman te sanse fete toupatou sou latè kòm fèt pou plizyè ansyen fi ki te vivan lan tan lontan. Pèp Grèk te fè sèvis pou ansyen fi sa yo lan sezon prentan. Lan peyi fredi, se plis lè sezon prentan rive, pyebwa donnen.   Lè kon sa, moun pwofite remèsye Latè kòm yon manman ki bay lavi.  Ann Ayiti, tankou lan Ginen, sezon pa tèlman varye, moun fè sèvis pou ansyen espri fi lan diferan dat lan ane a. Se pou sa sèvis pou Grann Èzili, pou Grann Aloumandya, pou Grann Zinga, pou Wandyole, madan Wa Kadya Bousou, sèvis pou ansyen fi sa yo fèt lan diferan mwa.

 

Lè Kretyen, moun ki fè sèvis Jezi, anvayi diferan zòn sou Latè, yo fè moun yo anvayi yo sèvi Jezi tou. La a menm, sèvis ki te konn fèt pou ansyen manman vin tounen sèvis pou Mari, manman Jezi, yon moun ki mouri, sa gen 2000 ane. Fèt pou Manman Mari vin fete sou katriyèm dimanch lan epòk Karèm. Atò, yo chwazi dimanch paske se jou sa a Italyen te konsidere kòm jou sakre, epi Kretyen kopye sa. 

 

Finalman an 1908, Ana Javis, pitit fi yon pastè Ameriken lan Vijinya mande papa l pou l chante yon mès kòm sèvis pou manman l ki te mouri an 1905.  Manman Ana Javis te eseye kòmanse yon fèt pou tout manman, kit yo vivan, kit yo deja mouri, men sa pat pran. Li te ann espwa yon fèt kon sa tap sèvi Ameriken byen pou yo met tèt ansanm apre lagè sivil yo a.  Lan mès Ana Javis te fè papa l chante pou manman l lan, li te bay chak moun yon flè kanasyon blan. Se kon sa, sa toujou fèt lan sèvis pou ansyen yo. Moun ofri sa ansyen an te renmen. Manman Ana Javis te renmen flè kanasyon. Se kalite flè sa yo li te konn plante lan jaden l.   Pi ta, flè kanasyon blan vin tounen senbòl pou ansyen manman ki mouri, epi flè kanasyon wouj vin tounen senbòl pou manman ki vivan toujou. Kòm te gen anpil eritye Kongo o Zetazini, se ka lan eritaj Kongo sans koulè yo soti. Lan sèvis moun Kongo, blan se koulè ki reprezante ansyen yo kòm espri ki pwòp, ki san tach, epi wouj se koulè ki reprezante vivan yo kòm moun ki an tranzisyon pou y al jwenn ansyen yo.

 

Sou demach fanmi Ana Javis devan leta Ameriken, Vijinya vin tounen premye kote ki fè jou fèt manman yon fèt ofisyèl. Atravè Etazini, fèt la vin fete sou diferan dimanch.  Aprè sa, an 1915, Prezidan Wilsonn, vin rekonèt fèt manman kòm yon fèt ofisyèl pou tout Etazini, epi misye mande pou fèt la toujou fete lan dezyèm dimanch mwad Me.

 

Nou menm ann Ayiti se sou dènye dimanch mwad Me nou fete fèt manman. Jou sa a, se jou pou n remèsye manman nou, ni sa ki la avè n yo, ni sa nou pa wè yo:

 

Pou manman m

 Manman manman m
 Manman manman manman m
 Remonte jis lan Ginen
Pou yo

   Mwen jete dlo

Bòn Fèt Manman!!!

Bookmanlit
P.O. Box 290464
Davie, Florida 33329-0464

E-mail: info@bookmanlit.com

Literature for the Bicentennial Generation